Onè, mete ou alèz lakay ou! Lakou sila a, ap sèvi tou an Français, epi English


18 Novanm 1803 : Jou Piga Bliye!

Vandredi, 24 novanm 2006, n ap onore zansèt nou yo ki te bati AYITI TOME

Pou tout patizan Lajistis, AYITI Papa Dessalines nan reprezante yon Kokennchenn Piramid Libète. BENI YO !

(Klike la a osnon sou foto ki anwo yo pou ou gade yon ti videyo 3 minit) )

Photo copyleft Jafrikayiti: @ Piramid Farawon Djozè, KMT (Lejip), 10 oktòb 2006

DESSALINES VIVAN ! 17 OKTOB (1806-2006)


RESTITISYON ! (petisyon an Kreyòl)


KOB Records ak Pwodiksyon Jafrikayiti kontan anpil pou yo pataje ak ou yon liv tou nèf (2 CD marasa) Jafrikayiti batize:

Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen depi nan Ginen

Seri pwodiksyon “Lafimen: Listwa Pèp Ayisyen depi nan Ginen” an se yon anrejistreman odio pwofesyonèl ki layite listwa Pèp Ayisyen an yon mannyè ki kòrèk opwendvi istorik, epitou trè orijinal.

Otè a pa mande padon daprèzavwa li se yon Ayisyen k ap rakonte listwa zansèt li, nan lang Kreyòl.

Achte kopi pa ou jodi a menm.

Anverite, ou pap regrèt ! !

Photo copyleft Jafrikayiti: Penti sou mi, Premye Avni Bolòs, Pòtoprens, Ayiti, nov. 2003

***

(Fotograf Kim Ives) Jafrikayiti ak aktè militan pou lajistis Danny Glover ki gen yon fim ki rele "TOUSSAINT" ki aipoze pran lari nan mitan ane 2007

***

Paske listwa nou te anfouraye anba kouch manti ki ponn nan sèvo lènmi n,

Paske chenn nan tèt pi di pase chenn nan pye,

Nou chwazi goumen jouk nou antere manti, nan jaden mèt li !

 

Photo: Pharaon Tutankhamon, dwadotè zenglendo: s.v.d. Zèv pitit Lafrik ke kolon ewopeyen fè dappiyanp sou yo.

 

 

Pou ou achte CD yo sou entènèt: www.kobrecords.net

voye yon imèl pou kòmande: info@kobrecords.net

osnon rele : (613) 216-0529

AP VANSE ...

Jafrikayiti ap nan jiwon: Philadelphia: 10-12 Novanm 2006

Reyal Politik Wayal Osnon Distraksyon Pou Pitit Boukman Zòt Fin Desounen..

Kontinye li...